Pawòl Lavi a - Sektanm 2010
“Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa” (Mt 18,22).
Se ak pawòl sa yo, Jezi reponn Pyè ki tap mande-l apre li te koute bèl pawòl
ki te soti nan bouch li: “Granmèt, si frè-m fè peche kont mwen, konbyen fwa
pou-m padonnen-l? Eske se jouska sèt fwa?”. Jezi li menm di: “Mwen pa di-w
jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa”.
Petèt Pyè, poutèt pawòl Mèt la te sot di yo, te panse li te gen bon kè. Li te
vle fè sa-k bon, li te pare pou-l lage kò-l nan nouvo wout sa-a nan fè yon
bagay san parèy: li tap padonnen jouska sèt fwa.
Men Jezi reponn li: “...jouska swasantdis fwa sèt fwa”, sa vle di padonnen pa
ta dwe gen limit. Nou bezwen padonnen toujou.
“Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa” (Mt 18,22).
Pawòl sa fè n sonje kantik labib Lamèk la, nan ras Adam: “Yap vanje Kayen sèt
fwa, men Lamèk, swasantdis fwa” (Jen 4,24). Se konsa rayisans te kòmanse gaye
nan mitan moun ki sou tè a: li gwo tankou yon larivyè kap desann.
Devan mal kap gaye a, Jezi mete padon san limit, san kondisyon, kòm sa ki
kapab kraze baryè vyolans lan.
Padonnen se sèl fason pou yo kenbe desòd la epi bay moun yo yon lavni ki pap
kraze tout bagay.
“Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa” (Mt 18,22).
Padonnen. Padonnen toutan. Padonnen pa vle di bliye ki anpil fwa vle di pa vle
gade bagay yo jan yo ye a. Padonnen se pa feblès, sa vle di pa pran ka sak pa
kòrèk paske w pè sila ki te fè-l la. Padonnen se pa di sak grav oubyen sak ki
mal pa enpotan. Padonnen se pa endiferans. Padonnen se yon zak wap fè ak tout
lespri-w, ak tout detèminasyon ou, kidonk ki lib. Se resevwa frè-w oubyen sè-w
yo jan yo ye a malgre mal yo te fè a, jan Bondye resevwa nou pechè malgre tout
fòt nou yo. Padonnen se pa bay kou pou kou men se fè sa Pòl di a: “Pa kite sa
ki mal pran pye sou-w. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal” (Rm
12,21)
Padonnen se bay sila ki te fè-w ditò chans pou l gen yon nouvo kalite rapò
avèk ou. Kidonk, bay toulede yon chans pou yo rekòmanse lavi, yon lavni kote
mal la pap gen dènye mo a.
“Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa” (Mt 18,22).
Kijan nap fè pou n viv Pawòl sa a?
Pyè te mande Jezi: “Konbyen fwa pou-m padonnen frè-m nan?”.
Jezi, nan repons li te bay, tap sonje rapò nan pami kretyen yo, nan pami moun
menm kòminote a.
Se dabò avèk frè-n ak sè-n yo nan lafwa nou dwe konpòte konsa: nan fanmi an,
nan travay la, nan lekòl la oubyen nan kòminote kote nou ye a.
Nou konnen konbyen fwa nou ta anvi reponn ak yon jès oubyen ak yon pawòl ki
sanble ak mal nou sot resevwa a.
Nou konnen kijan li fasil pou moun kap viv ansanm rive manke renmen youn pou
lòt kit se poutèt karaktè yo ki pa menm, kit se paske yo nève ou byen pou tout
kalite lòt bagay. Enben, nou bezwen konnen se sèlman yon atitif padon toujou
nouvo ki kapab kenbe kè poze ak tèt ansanm nan mitan frè yo.
Toujou gen tandans pou moun yo sonje defo frè ak sè yo, sonje sa yo te fè nan
tan ki pase a, pou yo pa jan yo ye a… Nou bezwen pran abatid gade yo ak yon je
ki nouvo epi aksèpte yo jan yo ye jous nan bout nèt, menm si yo pa
regrèt.
Yo met di: “Se yon bagay ki difisil”. Se vre. Men se sak bèl nan swiv Jezi. Se
pa pou bon tan nap swiv Kris la ki, lè li tap pandye sou kwa a, te mande Papa
padon pou moun ki te fè l mouri epi li leve byen vivan.
An-n pran kouraj. An-n kòmanse yon lavi konsa kap fè kè-n poze nou pat janm
santi anvan epi yon kè kontan nou pat konnen.
Chiara Lubich (Kyara Libik)
|